Dènye avètisman kòmandan Titanic la

 Inisye pwosedi pou akizasyon prezidan Macron ta dwe yon aksyon ki vize pou destabilize peyi a, ak kòtej li yo ak travay li yo. Ki jounen jodi a se yon plenyen pou bann moun Macron. Poutan , sa a se yon dispozisyon konstitisyonèl. Sa a se atik 68 ki te etabli sou prezidans Nicolas Sarkozy. Atik sa a te deja sèvi pou repibliken yo . Ak , an patikilye pa lidè aktyèl yo nan tèt pati Macron an. Prezidan François Hollande te vize paske li te di bagay li pa ta dwe di an piblik sou lagè nan Siri a. Ki rezon yo bay pou gen posiblite pou yo kòmanse pwosedi sa a? Rapò anvan adopsyon atik 68 sa a di byen klè ki jan yo ka evalye kalite zak ki ka kouvri nan atik sa a. « Vyolasyon devwa li yo ki manifeste enkonpatib ak egzèse manda li a » se kite apresyasyon lib  e lib è nan Asanble Nasyonal la li menm! Se poutèt sa, pwosedi sa a se senpman  politik epi li pa bezwen okenn lòt jistifikasyon. Refi pou rekonèt rezilta vòt la se yon konpòtman ki siyale yon atak grav sou manda Prezidan an paske yo konsidere li kòm  moun ki gezn responsablite pou garanti respè règ demokrasi nou an. Ann ajoute sa, konsènan nominasyon Premye Minis la,Konstitisyon an ke tout moun sa yo reklame, di ke se nonmen pou li nonmen  pa Prezidan an. Men, okenn kote li pa di ke Prezidan an « chwazi » Premye Minis. Règ bon plezi pa egziste nan yon demokrasi, menm si an Frans pafwa se sa yo fè. Men, pa sou pwen sa a, nan nenpòt ka. Se poutèt sa, deklanche megafòn Macronis yo kont inisyativ nou an se konplètman initil. Chwazi yon pwosedi konstitisyonèl pou aji se pa janm yon chemen natirèlman kondane nan dezòd oswa dezòd. Men, mwen pa sezi pou reyaksyon yo. Yo pa ka konprann motivasyon nou yo. Vreman vre, pou nou se pran oserye sa nou di tèt nou. Men pou yo se pa sa ditou. Pou nou, Macron ap fè koudeta kont demokrasi repibliken an. Kidonk, ki devwa repibliken nou menm? Fè paròl anpil ak di move mo, lè sa a ale lakay ou manje domi epi se fini? Se sa yon makronis ta fè ki pase yon semèn, ap di nou se antisemit, zanmi dezòd blablabla…. Epi yon semèn annapre , yo aplenyen nan pye nou pou yo jwenn vòt nou. Ki moun ki, yon semèn ap deklare Òganizasyon Trete Nò Atlantik « mouri nan sèvo » epi, semèn kap vini an, yo ap plenyen pou yo gen dwa patisipe nan vèsyon Azyatik la nan menm alyans militè lagè  belijeran sa a. E se youn apre lòt. Nan ka sa a, Emmanuel Macron sipoze genyen yon dwa vòt sou rezilta vòt inivèsèl la. FOUT! Dejaan 1789, wa Louis XVI, menm anvan etablisman Repiblik la, te refize privilèj sa a pa yon vòt nan premye asanble a! An fas ak yon  agresyon anti-Repibliken, kisa nou dwe fè? Pou moun nan nou ki ap defann « revolisyon atravè bwat vòt la ki se elektion » kòm yon estrateji politik, repons lan rete senp. Se nan eleksyon ak mwayen lalwa bay nou aji politikman. Kidonk, nou te chèche e nou te jwenn nan Konstitisyon an  men nou pa apwouve, mwayen li bay pou revoke yon Prezidan ki vin yon otokrat yon belijeran. Èske derive otoritè rejim nan  se yon bagay ki vrèman nouvo nan peyi nou an? 

Repons la se non  pou depi lè yo vini ak dezòd « eskiz teworis » pou pouswiv moun kap denonse jenosid yo. Non depi lè yo ap klewonnen toupatou ke  aksyon opozisyon an ak lò moun se « ekoteroris ». Non, nan peyi a kote anba laparans yon « ankèt preliminè » pou yon wi oswa non, yon moun ka kontinye san kontwòl ak san limit  san yon dire pou lajistis fè enkizisyon ak fouy. E menm akizasyon ki pa gen okenn lòt objektif konkrè ke rabese aktivis politik onèt. Non, depi jij konstitisyonèl yo ka deklare tèt yo « enkonpetan » pou konnen si yon moun kapab alafwa yon manm nan kò lejislatif la anmenm tan manm pou li se yon man egzekitif, menm si prensip nan separasyon pouvwa yo te deja dekri twa syèk de sa komanman e kisa ki dwe fèt. Non, nan yon peyi kote nan yon emisyon radyo kominotè, yo ka rele yon lidè opozisyon an « fatra antisemit » sou sijesyon animatè a. Epi  pou jij ap  deklare tèt li enkonpetan pou konnen si sa se youn nan ensil piblik sa yo ke lalwa kondane! Mwen we ase epi mwen mande padon pou moun ki ap viv yon sitiyasyon ki  anmè ke sa, tankou viktim yo lalwa bay pouvwa pou retire vi yo. Nan tout mond lan devlopman sa a te kaptire atansyon moun. Sa pèmèt nou konprann poukisa, soti toupatou nan Ewòp ak Amerik yo gen pozisyon ofisyèl ak avètisman kont konpòtman Prezidan Macron nan sitiyasyon sa a. Yo vini apre anpil lòt avètisman sou represyon ak gro vyolans sou vès jòn yo (jilè jòn yo ) ak anpil lòt kòz. Kounye a, se vòt inivèsèl y ap mete an kesyon. Prezidan Macron te deja pèdi majorite palmantè a jis apre re-eleksyon li an 2022.

 E sa se apre NUPES te ranpòte premye tou an. Reyalite sa a se kousi kousa yo tap al  mete aksan sou li. Nou te kontinye pale nan medya yo sou yon « majorite prezidansyèl » pou deziyen majorite relatif pati ki sipòte prezidan an nan asanble nasyonal la. Kontinyasyon defèt sa a te konfime nan vòt ki vin apre yo. Sa yo se reyalite yo! Se sèlman moun ki te kwè pwopagann ki te sezi we sa. Pati Macron an te nan minorite zwit la an Frans pou twa eleksyon jeneral! Apre defèt li nan eleksyon Ewopeyen yo, Prezidan Repiblik la fonn Asanble Nasyonal la pou jwenn « klarifikasyon politik », nan pwòp mo pa l. 

Li te resevwa yon repons klè: yo te rejte pati l  la , anplis pi mal ke anvan . E san yo pa retire kandida goch yo ki vin an twazyèm plas la, pati li a ta prèske disparèt nan asanble nasyonal la. Pandan moun ki denonse kòm dabitid ak mo mepri ak joure reflechi byen sou mesaj yo voye bay peyi a ak bay divès jenerasyon ki fòme li yo, yo chak ak eksperyans oswa ineksperyans nan kriz politik ak sitou kriz nan rejim alimantè. Kisa yo vle di peyi a? Ke pa gen okenn rekou legal kont yon otokrat? Ke pa gen mwayen enstitisyonèl kont yon koudeta kont demokrasi? Demokrasi palmantè, jan prèske tout demokrasi nan mond lan konprann ak pratike, pa egziste an Frans? Oswa vote pa gen okenn sans? Oswa  depi desizyon pou fè dappiyanp sou vòt inivèsèl kondane pa 55% nan vòt yo pwojè a soumèt nan referandòm, yo te toujou pa konprann ke sa a pral gen pou remèt yo monnen pyès yo yon jou oswa yon lòt, jan sa ap fèt kounye a?

 Ki chemen yo montre lè sa a? Ki vyolans yo ap leve konsa ? 

 Sepandan, moman verite desizyon demokratik eleksyon lejislatif yo pral domine. Li pral rive atravè pwosedi defi sa a ak nan sanksyone gouvènman an ke Macron pral chwazi fè chimen krochi ak « volonte jeneral la » nan plis pase de tyè nan votan yo ki te rejte li a. Li pral vini nan moman sa a, ak paròl : chak etap piblik pral gen pati pa l. Avètisman LFI te pibliye a te deja gen yon rezilta: radikalize PS la, ki kounye a ouvè ak yon mosyon sansi ke li kwè ke li pi bon pase pwosedi destitisyon an. Sa a se yon bon rezilta. Se poutèt sa,  mosyon sansi yo garanti epi dwe adopte. Pa gen trò paròl anpil kounye ke ret bouch fèmen epi fè grimas ( jestikil prezidansyèl) deja pa  gen anpil avni! Se poutèt sa li sèten ke moun ki deside monte Titanic la pou fe la promenad la pral san dout revize rèv yo nan pouvwa. Pa gen anyen ki pi an sekirite nan bato a eksepte  nofraj. Epi li pa ase pou w konnen ki jan yo naje nan dlo toumante yo jwenn nan ! 

DERNIERS ARTICLES

« Le Monde » exulte 15 minutes après la nomination du Premier ministre : « Michel Barnier : un homme de consensus à Matignon ». Plus directe, Marion Maréchal-Le Pen…
Rechercher